🔄 Politik Retou ak Ranbousman
Nan Boutique Piyay, nou vle ou satisfè ak chak acha ou fè. Men règleman nou yo si ou ta bezwen retounen yon pwodwi.
1. Kilè ou ka retounen yon pwodwi?
Ou ka mande yon retou si :
- Pwodwi a pa koresponn ak sa ou te kòmande a.
- Pwodwi a gen yon defo fabrikasyon ki evidan depi lè livrezon an fèt.
- Pwodwi a domaje pandan transpò a.
2. Delè pou retou
Ou dwe verifye pwodwi a devan livrè a. Si gen yon pwoblèm, ou dwe fè nou konnen sa nan yon delè ki pa depase 24 èdtan apre ou fin resevwa l.
3. Kondisyon pwodwi a
Pou nou aksepte yon retou, pwodwi a dwe nan bwat orijinal li, ak tout akseswa li yo, epi li pa dwe itilize.
4. Ranbousman
Si retou a apwouve, nou ka :
- Ranplase pwodwi a pa yon lòt ki kòrèk.
- Ba ou yon kredi pou ou achte yon lòt bagay.
- Ranbouse lajan w nan yon delè 3 a 5 jou travay.
NÒT ENPÒTAN: Frais livrezon yo pa ranbousab sof si se nou ki te fè erè nan voye move pwodwi a.